# @lucasdesignht on Instagram

- **Type:** Image
- **Original URL:** https://www.instagram.com/p/DQLFvCxjHKk
- **Gondola URL:** https://gondola.cc/posts/61842971-lucasdesignht-instagram
- **Thumbnail:** https://img.gondola.cc/tr:w-,h-,fo-auto/postThumbnails/cbf14d0767.jpg
- **Posted:** 2025-10-24T01:18:46.000+00:00
- **Account Owner:** Bruny Berton Lucas (@lucasdesignht) — https://gondola.cc/lucasdesignht

## Caption

Poukisa w fè plis pase 9 mwa ou pa poste anyen sou paj ou?

Pandan plis pase 9 mwa se kesyon sa m jwen anpil moun kite pou mwen nan inbox mwen, e genyen sa ki te enkyete ki panse m te genyen yon bagay, mwen pwofite salye chak grenn zanmi sa yo e di yo mèsi pou chak grenn mesaj yo te kite

Pandan plis pase 9 mwa m pa poste anyen sou paj mwen m te deside pran yon moman rekil pou m te rive jwenn balans mwen te dwe jwenn nan, sete yon veritab konba pou m kenbe mwen menm, pasyon m, e kontinye goumen ak demon m yo, anpil fwa ide ki pase nan tèt mwen se pa kreye okenn kontni ankò ni pataje travay mwen, kontinye rete nan silasn mwen pandan m ap fè sa m renmen fè, jiskaske gen yon zanmi ki te konvenk mwen ak grenn pawòl sa: Si w pa parèt w ap disparèt, m te pran dè mwa pou m reflechi sou li jiskaske m kite rezon banm rezon

M pap di plis ke remèsye chak grenn moun ki te enkyete e pat janm ezite rantre nan inbox mwen pou mande m èske tou bagay ok pou mwen

Pou sa m pat janm reponn yo, m pwofite nan pòs sa pou m di nou mwen ok, plis pase 9 mwa silans sa, sete plis pase 9 mwa ap pwodwi an silans, plis pase 9 mwa ap devlope nouvo skills

Mèsi paske n te enkyè...
#lucasdesign #lucasmotiv

## Stats

- **Views:** 0
- **Likes:** 0
- **Shares:** 0
- **Comments:** 6

## Tags

lucasmotiv, lucasdesign

---
Copyright (c) Gondola