# @lucasdesignht on Instagram

- **Type:** Video
- **Original URL:** https://www.instagram.com/p/DVGiNoOkd7A
- **Gondola URL:** https://gondola.cc/posts/61842986-lucasdesignht-instagram
- **Thumbnail:** https://img.gondola.cc/tr:w-,h-,fo-auto/postThumbnails/7292618a8a.jpg
- **Posted:** 2026-02-23T13:28:55.000+00:00
- **Account Owner:** Bruny Berton Lucas (@lucasdesignht) — https://gondola.cc/lucasdesignht

## Caption

Sispann fè erè sa yo lè w ap fè yon logo!

Dizay yon logo se pati ki pi konplike pou yon dizaynè men se pati ki pi fasil tou si w metrize règ Branding yo, bref… Na gentan pale de koze Branding sa nan yon lòt pòs…

Evite 5 erè sa yo lè w ap fè yon logo:

1) Twò konplike.
Yon logo pa yon afich, li dwe senp, fasil pou moun ka li e ka sonje

2) Kopye oswa twòp enspirasyon.
Evite kopye konsèp ki egziste deja, konsa tou evite twò enspire, èske n te ka di se yon pleyonas? (Espas kòmantè a pou nou) li bon pou w chèche enspirasyon men toujou rete orijinal pou w pa pèdi kredibilite. Ou dwe enspire de lòt pou booster kreyativite w men pa pou w re pwodwi menm sa w te wè

3) Chwazi tipografi ki pa adapte.
Pa chwazi tipografi pa aza, jis paske w renmen l, tipografi a dwe mache avèk esans Mak la, se sa k koz ou dwe toujou Mande kliyan an yon brief, Ou byen reyini ak kliyan an pou w kreye brief la nan kesyon kle w ap genyen pou poze l (Ap oblije gen yon lòt pòs pou kesyon enpòtans brief sa🫨)

4) Dizay yon logo sou tandans k ap mennen! 
Pa Dizay yon logo sou tandans, men, logo w la dwe atemporal, li dwe timeless, chak ane logo a dwe sanble tankou l te fenk fèt.

An nou pran egzanp: Buh, Unibank, Sogebank, Ansyen logo Acces Haiti a, ak kèk lòt m pa site…logo sa yo 50  ane ankò, yo ap rete enpozan tankou yo te fenk fèt!

5) Pa swiv mwen pou m ede w konprann Branding pi byen
#foryou #lucasdesign #branddesigner

## Stats

- **Views:** 132
- **Likes:** 26
- **Shares:** 0
- **Comments:** 2

## Tags

branddesigner, foryou, lucasdesign

---
Copyright (c) Gondola