# @lucasdesignht on Instagram

- **Type:** Image
- **Original URL:** https://www.instagram.com/p/DQrZqyvkbCs
- **Gondola URL:** https://gondola.cc/posts/61842991-lucasdesignht-instagram
- **Thumbnail:** https://img.gondola.cc/tr:w-,h-,fo-auto/postThumbnails/2a4a2ddf92.jpg
- **Posted:** 2025-11-05T14:28:38.000+00:00
- **Account Owner:** Bruny Berton Lucas (@lucasdesignht) — https://gondola.cc/lucasdesignht

## Caption

Kisa ki ka defini yon logo se yon bon logo?  Kesyon sa anpil grafis e kliyan ap goumen avèk li, yo souvan chita sou sèlman twa règ ki se, yon logo dwe: -Senp
-Memorab
-Vèsatil  

Èske twa règ sa yo sèlman kapab defini ke yon logo se yon bon logo ou non? Sensèman wi, men se pa sa sèlman sa, pou yon logo se yon bon logo li dwe respekte règ ki pi pwofon nan kesyon devlopman Mak, li dwe:

1-Reflete kisa Mak la vle di depi sou premye enpresyon l  

Yon logo se reprezantasyon vizyèl yon mak, se li menm ki eksprime ki sa mak la ap vann, vizyon li, misyon li e piblik sib li.  Egzanp: Lè w parèt nan yon avyon, ou jwenn yon otès pa vre? E li distenge pa fason li abiye, souri ki sou lèv li ki pou pèmèt akèy la dous, etc.. Depi la ou wè misyon Otès la, vizyon li, e sib li ki se ou menm ki pasaje a. E tout sa yo soti nan fòmasyon li te resevwa nan lekòl li pase pou l te vin yon otès, sa yo vin make pèsonalite tout Otès. Eh byen li menm jan pou yon logo depi sou premye enpresyon l li dwe vann misyon li, vizyon li, e piblik li vize, se pa yon kesyon de bote. Mwen souvan di kliyan m yo: Menm yon vigil ka reprezante yon Mak depann de kisa Mak la vle vann  

2- Yon Logo dwe apwopriye  

Anpil fwa yon logo konn pa apropriye ak pèsonalite Mak la, se tankou w wè logo a apa, epi pèsonalite Mak la apa. Logo a dwe apwopriye ak Mak la, sipoze genyen yon koerans. Tipografi, Ikon, Koulè, etc dwe apwopriye Egzap: Ou pap janm wè yon bank genyen yon tipografi script, yon koulè woz nan Idantite li (Genyen rezon pou sa m panse m ka pale nan yon lòt pòs)  

3- Logo a pa dwe sibi pasaj tan  

Jeneralman yon Mak ka chanje logo l chak 10 lane, men, genyen anpil rezon ki kapab lakoz, tankou: Pèsonalite Mak la chanje pandan l ap grandi, piblik sib li pi elaji etc… Men li toujou bon pou logo a Timeless, pou l pa sibi pasaj tan. Si m ap pran egzanp kèk logo ki trè Timeless, m t ap pran: Sogebank, Unibank, BUH, Chase Bank, Amazon, Apple, ak anpil lòt ankò m pa site...  

Si n ap pran detaye ou ka pa fin anvi li pòs la. Kòmante: pati 2 si w t ap renmen konnen plis…

Byento m ap pataje demo idantite vizyèl logo sa ak nou, e eksplike nou eksperyans mwen kòm yon Brand Designer sou pwojè sa
#lucasdesign

## Stats

- **Views:** 0
- **Likes:** 0
- **Shares:** 0
- **Comments:** 2

## Tags

lucasdesign

---
Copyright (c) Gondola