# @tou_reall on Instagram

- **Type:** Image
- **Original URL:** https://www.instagram.com/p/DVpCGVMjKMP
- **Gondola URL:** https://gondola.cc/posts/61866087-tou-reall-instagram
- **Thumbnail:** https://img.gondola.cc/tr:w-,h-,fo-auto/postThumbnails/80635c9ad4.jpg
- **Posted:** 2026-03-08T23:01:13.000+00:00
- **Account Owner:** Tou Real (@tou_reall) — https://gondola.cc/tou_reall

## Caption

Izrayèl ak Etazini: Yon Alyans Estratejik sou Dosye Petwòl ak Dola

​Anpil moun poze tèt yo kesyon,poukisa Etazini rete fidèl konsa ak Izrayèl? Pou nou konprann sa, fòk nou gade pi lwen pase relijyon oswa ideyoloji m, men ann gade efòk nou gade enterè ekonomik.

​1. Istwa Lagonav la (Ayiti)
​Nan ane 1940 yo, sou prezidans Elie Lescot, te gen yon pwojè pou te resevwa jwif ki t ap sove anba Olokòs la sou zile Lagonav. Men, pwojè sa a pa t reyisi paske enterè Etazini, te gentan oryante nan yon lòt direksyon. Olye de karayib la, yo te prefere apiye kreyasyon yon leta nan kè Mwayen Oryan an an 1948 e se la yo vinn fonde eta sa ki rele IZRAYÈL

​2. Yon Pozisyon Estratejik pou Petwòl
​Mwayen Oryan an se "PONP GAZOLIN" mond lan. Nenpòt peyi ki kontwole zòn sa a gen yon gwo avantaj sou ekonomi mondyal la. Lè nou gade pozisyon Izrayèl, li fonksyone tankou yon "BAZ" pou enterè Ameriken yo. Se tankou yon baz militè ak politik pèmanan ki la pou veye sou estabilite (oswa enterè) USA nan yon zòn ki chaje ak petwòl.

​3. Pwoteksyon "Petrodollar" la
​Pwen sa a se kle a
​Depi nan ane 1970 yo, pifò petwòl nan mond lan vann an Dola Ameriken. Sa fòse tout peyi sou latè gen rezèv dola pou yo ka achte. Se sa ki bay dola a tout fòs li genyen an.
​Istwa montre ke chak fwa yon lidè nan zòn nan (tankou Saddam Hussein oswa Muammar Gaddafi) te vle kòmanse vann petwòl yo nan yon lòt monnen (Ewo oswa Lò), yo te jwenn gwo pwoblèm, souvan sa fini nan lagè oswa lanmò.
​Prezans Izrayèl nan zòn nan ede anpeche lòt gwo pwisans tankou Lachin oswa Larisi pran kontwòl total sou mache enèji a.

​Konklizyon
​Nan vizyon sa a, Izrayèl pa sèlman yon alye relijye oswa kiltirèl, men li se yon pilye nan sistèm dominasyon dola a. Pèdi kontwòl sou Mwayen Oryan an ta vle di efondreman pouvwa ekonomik Etazini. Se sa ki fè, kèlkeswa gouvènman ki nan pouvwa Washington, sipò pou Izrayèl la rete yon priyorite sekirite nasyonal

#israel #USA #petrol #interest

## Stats

- **Views:** 0
- **Likes:** 1
- **Shares:** 0
- **Comments:** 0

## Tags

interest, petrol, israel, usa

---
Copyright (c) Gondola