# @tou_reall on Instagram

- **Type:** Image
- **Original URL:** https://www.instagram.com/p/DUMmFeQDAy0
- **Gondola URL:** https://gondola.cc/posts/61866094-tou-reall-instagram
- **Thumbnail:** https://img.gondola.cc/tr:w-,h-,fo-auto/postThumbnails/49eb2a754b.jpg
- **Posted:** 2026-02-01T01:26:16.000+00:00
- **Account Owner:** Tou Real (@tou_reall) — https://gondola.cc/tou_reall

## Caption

Wendyyy pa nan nivo li ye a pa aza
Li monte ak estrateji.
Sa l itilize a, se sa yo rele LA TRIADE SOMBRE (DARK TRIAD)
3 karaktè anpil gwo lidè mondyal devlope pou domine espas yo.

MAKYAVELIS
Wendyyy planifye e pran tan avan li aji.
Li konprann sikoloji PÈP la, li jwe ak emosyon, li konnen ki lè pou l frape, ki lè pou l rete silans.
Li pa kite santiman gide l
Chak mouvman li fè,se pou kontwole naratif la ak kenbe pouvwa l sou endistri a, tankou yon jwè echèk k ap prevwa kou davans

NASISISM
Ego li solid, prezans li fe gwo enpak, konfyans li nan tèt li pa janm bese.
Li vann tèt li kòm yon SENBÒL, pa sèlman kòm yon RAPÈ,men yon MAK.
Li konprann ke nan epòk sa a, IMAJ = POUVWA,
epi li metrize kijan pou enfliyanse moun, fè yo kwè, fè yo suiv,paske moun pa sèlman swiv mizik, yo swiv yon pèsonaj ki pi wo pase reyalite a,yon moun yo ta renmen YE.

SIKOPATI
Li gen yon detachman emosyonèl total,li pa nan pitye le se poul frape nenpot moun ki nan konpetisyon avè l,li aji pou l genyen,li pa la pou l fè zanmi,e li konn kijan e kibo poul frape kote kap fè mal la e lap fè l san remò.

Yon konbinezon konsa pa fèt pou swiv moun
Li fèt pou dirije.
Pou domine.
wendyyyking #rapkreyòl #hmi #wendyyyking #misik

## Stats

- **Views:** 0
- **Likes:** 3
- **Shares:** 0
- **Comments:** 1

## Tags

rapkreyòl, hmi, misik, wendyyyking

---
Copyright (c) Gondola