# @tou_reall on Instagram

- **Type:** Image
- **Original URL:** https://www.instagram.com/p/DUejc5xDDiA
- **Gondola URL:** https://gondola.cc/posts/61866298-tou-reall-instagram
- **Thumbnail:** https://img.gondola.cc/tr:w-,h-,fo-auto/postThumbnails/3b97b93a69.jpg
- **Posted:** 2026-02-08T00:49:34.000+00:00
- **Account Owner:** Tou Real (@tou_reall) — https://gondola.cc/tou_reall

## Caption

Wendy pa sèlman yon atis,li se yon senbòl siksè,konsistans,lonjevite malgre boykotaj,li se idantite tout fanatik li yo,yo we yo nan Wendy. Alò le w Kritike li,oswa travay li,yo pa we sa kom yon senp opinyon men kom yo atak,yon menas pou kraze li.

Sa vinn kreye yon mekanis defans ki fe yo toujou vle pwoteje atis la tout kote yon fason pou yo menm yo sove fyete yo kom fanatik

Nan Rap Kreyol,pifò rapè gen klan yo e majorite divize,e jan nou konen Wendy gen klan ki pi solid la deyel ki rele tet yo chinwa
Pou lame sa nenpot kritik se yon siy mizantwopi oswa tantativ pou krache sou siksè atis la pou benefis yon lot klan

Mank kapasite pou fe deba teknik sou rezo yo fe anpil moun pa gen agiman,e anpil fwa se edikasyon,sa ki fe moun nan pi fasil tombe joure,di betiz yon fason pou li fe w pè e dekouraje w,betiz se repons tout moun ki san agiman.

Moun suiv kouran,lè yon fanatik we de twa ap joure,lap pi fasil antre nan mouvman an san li pa bezwen konen sak te pase,sa ki rele éfè gwoup,nou tou vle rap kreyol rive lwen men pou sa fèt,nou bezwen:Plis deba teknik,mwen fanatik avèg,plis respè pou opinyon

Kritike yon atis pa vle di wap detwi li,paske zèv atis la ak pèsonalite li ki fè li moun li ye jodi a,kritik moun paka kraze sa.

sajesnetale
kratostvshow
hiphopstreet_global_llc wendyyyking woodsonroi #rap #rapkreyòl #hmi #wendyyyking

## Stats

- **Views:** 0
- **Likes:** 2
- **Shares:** 0
- **Comments:** 0

## Tags

rap, rapkreyòl, hmi, wendyyyking

---
Copyright (c) Gondola