# @tou_reall on Instagram

- **Type:** Image
- **Original URL:** https://www.instagram.com/p/DUOt9kNgShr
- **Gondola URL:** https://gondola.cc/posts/61866301-tou-reall-instagram
- **Thumbnail:** https://img.gondola.cc/tr:w-,h-,fo-auto/postThumbnails/12d31e4947.jpg
- **Posted:** 2026-02-01T21:13:34.000+00:00
- **Account Owner:** Tou Real (@tou_reall) — https://gondola.cc/tou_reall

## Caption

FANTOM TALAN INIVÈSEL,PÈSONAJ KONTWOVÈSE
Fantom se youn nan pi gwo rapè rap kreyòl la janm genyen.
Palmarès li pwouve sa
Men malgre tout sa, li toujou pa rive nan nivo “MONIMAN SAKRE” ke pèsonn pa ka konteste.
Kesyon an senp : si TALAN an la, poukisa RESPÈ INIVÈSEL la pa janm TOTAL?

TALAN PA SIFIZAN
Nan mizik, gen diferans ant bon RAPÈ ak IKÒN.
Fantom gen talan, men talan pou kont li pa sifi pou domine listwa.
Yon IKÒN pa sèlman fè bon mizik, li kontwole enèji li voye bay PÈP la.
Lè PIBLIK la wè w plis nan DEZÒD, yo vinn pa ka SAKRALIZE w.
Se pa paske moun pa renmen li, se paske yo pa ka idolatre konpòtman an..

TWOP EKSPOZISYON EMOSYONEL
Yon IKÒN oswa LEJANN sipoze RA
Men lè yon atis toujou parèt sou LIVE REZO YO,LI SOU,LAP JOURE MOUN,LAP KRIYE, li kraze pwòp MIT li.Moun vinn ap ironize w,le w pale yap di se KLEREN kap pale.
Otorite pa kriye devan PÈP la, li PALE lè li NESESÈ.
Twòp ekspozisyon emosyonèl fè piblik la wè NONM lan, men pa SENBÒL la.
E depi SENBÒL la kraze, respè “IKONIK” la pa ka egziste

RESPÈ PA MANDE,LI ENPOZE
Fantom souvan rabese lòt atis pou l montre se li ki pi FÒ.
Men nan sikoloji , sa pa ogmante grandè w, sa diminye l.
Plis ou bezwen repete ou se “PAPA RAP”, se plis moun mande tèt yo poukisa ou bezwen raple yo sa.
Vrè lidè pa bezwen rabese lòt moun pou egziste.
Respè vini nan silans, nan konpòtman, nan kontwòl tèt ou.

VERITE
Fantom se yon jeni, men jeni san DISIPLIN pap janm IKÒN pou tout MOUN
IMAJ li sou rezo sosyal yo souvan kontredi nivo atistik li.
Se sa ki fè moun renmen mizik li, men ezite mete l sou yon PEDESTAL SAKRE.
Pou vin yon MONIMAN, fòk gen balans ant talan, matirite.
Kesyon final la 
Eske Fantom pare pou vin pi gran pase EMOSYON li?
#fantom #rapkreyòl #hmi #misik #sajesnetale

## Stats

- **Views:** 0
- **Likes:** 7
- **Shares:** 0
- **Comments:** 1

## Tags

sajesnetale, rapkreyòl, hmi, misik, fantom

---
Copyright (c) Gondola