# @lucasdesignht on Instagram

- **Type:** Image
- **Original URL:** https://www.instagram.com/p/DDajSxqy2aF
- **Gondola URL:** https://gondola.cc/posts/64903689-lucasdesignht-instagram
- **Thumbnail:** https://img.gondola.cc/tr:w-,h-,fo-auto/postThumbnails/3fe0b86bba.jpg
- **Posted:** 2024-12-10T22:37:32.000+00:00
- **Account Owner:** Bruny Berton Lucas (@lucasdesignht) — https://gondola.cc/lucasdesignht

## Caption

PREMYE EKSPERYANS MWEN AK YON ESTIL KONSA!😳

Sa rive w deja nan domèn ou se premye fwa w pra l fè fas ak yon nouvo estil, yon nouvo touch, yon nouvo pwojè de sa w abitye manyen? 

eh byen se egzateman sa ki rive m ak pwojè sa, kote se premye fwa mwen te anvi touche yon nouvo estil, aprè yon semèn konsa kliyan an te fin pale m de pwojè a e nou konkli tout bagay, tout sa k t ap pase nan tèt mwen se yon nouvo estil, yon tip ekriti ki eksite Nostali, e ki reflete kilti lakay, e mwen pat vle itilize tipografi lòt grafis itilize deja e m te vle soti de koulè de baz nou ki se ble e wouj men plonje nan kilti a

Eh byen mwen te rantre nan yon Brand Storming ki pwofon, paske m te vle soti nan estil mwen abitye pwodwi e fè yon lòt bagay, aprè plizyè tan ap sketch mwen vin soti sou sa, e sensèman lè m fin voye l bay kliyan an, li voye yon emoji kote l sezi, mwen tout sa m panse se m voye vant mwen, epi mwen te reponn li pou m di l si l pa ok ou mèt di m pou m travay sou lòt, paske ak kliyan m yo mwen priorize revizyon ilimite, li te di m non okontrè li trè bèl

Chwa koulè yo:
Mwen pat vle chwazi koulè prensipal Ayiti ki se ble e rouj, kidonk pou m te chwazi koulè yo, mwen te pran san m al gade kèk defile kanaval ki pase deja, epi m di ok mwen prale konsa, epi, mwen soti ak rezilta sa

Di m kisa w panse nan yon kòmantè👇🏾
.
.
.
.
.
.
.
.
.
.
.
.
.
.
.
.
.
.
.
.
.
.
#ayiti #ayiticherie #ayiticherie🇭🇹 #ayiticheri #ayiticherie509 #haiti #haitian #haïti #haití #haitian #haitianbelike #haitianart #haitianartist #haitianamerican #haitianbeauty #haitianflag

## Stats

- **Views:** 0
- **Likes:** 53
- **Shares:** 0
- **Comments:** 9

## Tags

haitianartist, haitianart, haitianbeauty, haiti, ayiticherie, ayiticheri, haitianflag, haití, haitianamerican, haïti, ayiticherie509, ayiti, haitianbelike, haitian

---
Copyright (c) Gondola