# @lucasdesignht on Instagram

- **Type:** Image
- **Original URL:** https://www.instagram.com/p/Dcb88NVlGlG
- **Gondola URL:** https://gondola.cc/posts/69745896-lucasdesignht-instagram
- **Thumbnail:** https://img.gondola.cc/tr:w-,h-,fo-auto/postThumbnails/f703197fb1.jpg
- **Posted:** 2026-08-24T20:45:44.000+00:00
- **Account Owner:** Bruny Berton Lucas (@lucasdesignht) — https://gondola.cc/lucasdesignht

## Caption

Anpil moun ap plenyen pou kandida yo ki itilize Ai pou fè kanpay yo, se pa ti pale anpil. Men kite m di ke pwoblèm nan pa chita sèlman sou kesyon itilize AI la, paske mwen antanke Grafis mwen itilize AI pou m travay pi rapid, men vrèman pwoblèm nan rantre nan Branding, paske yon kandida ki itilize Ai san li pa pase pa yon vrè pwofesyonèl, li pa genyen okenn idantite vizyèl, e nan Branding se youn nan faktè kle ki la pou pèmèt moun fè nenpòt Mak la konfyans, Menm nan vi kouran nou, yo rekonèt nou pa idantite nou, e lè w pa gen idantite ou ekspoze a zero respè e zero konfyans. Se la tout bagay chita. Kounyea èske m ka di yon kandida ki itilize Ai ekspoze a zero konfyans, e zero respè? Yon kote wi e yon lòt kote non, wi si l itilize l li menm san li pa pase pa yon vrè pwofesyonèl, paske majorite Grafis ki chwazi grandi avèk tan an itilize AI pou yon rezon ou yon lòt e non si l pase pa yon Grafis e Grafis sa konnen Kijan pou l itilize AI byen.

Bref…. Dizay sa yo se jis yon similasyon, imaj yo jenere par ai, kandida a pa yon vrè kandida, li pa egziste, mwen jis itilize skills mwen avèk Ai pou m montre Kijan l t ap mieux si yon kandida travay ak yon Grafis ki konnen sa l ap fè e konnen Kijan pou l vann yon Brand e mennen yon kanpay vizyèl.
#lucasdesign #marketing #flyer #flyerdesign

## Stats

- **Views:** 0
- **Likes:** 133
- **Shares:** 0
- **Comments:** 21

## Tags

flyerdesign, marketing, lucasdesign, flyer

---
Copyright (c) Gondola