Kisa ki ka defini yon logo se yon bon logo?
Kesyon sa anpil grafis e kliyan ap goumen avèk li, yo souvan chita sou sèlman twa règ ki se, yon logo dwe:
-Senp
-Memorab
-Vèsatil
Èske twa règ sa yo sèlman kapab defini ke yon logo se yon bon logo ou non? Sensèman wi, men se pa sa sèlman sa, pou yon logo se yon bon logo li dwe respekte règ ki pi pwofon nan kesyon devlopman Mak, li dwe:
1-Reflete kisa Mak la vle di depi sou premye enpresyon l
Yon logo se reprezantasyon vizyèl yon mak, se li menm ki eksprime ki sa mak la ap vann, vizyon li, misyon li e piblik sib li.
Egzanp: Lè w parèt nan yon avyon, ou jwenn yon otès pa vre? E li distenge pa fason li abiye, souri ki sou lèv li ki pou pèmèt akèy la dous, etc.. Depi la ou wè misyon Otès la, vizyon li, e sib li ki se ou menm ki pasaje a. E tout sa yo soti nan fòmasyon li te resevwa nan lekòl li pase pou l te vin yon otès, sa yo vin make pèsonalite tout Otès. Eh byen li menm jan pou yon logo depi sou premye enpresyon l li dwe vann misyon...
Suggested Credits
Tags, Events, and Projects