Nan yon epòk, tandans rap ann Ayiti te gen yon gwo enfliyans sou anpil jèn, sitou nan fason yo te wè fòs, respè, ak imaj gason. Pou anpil ladan yo, pote zam pa t nesesèman vle di fè krim, men plis yon fason pou yo te santi yo pwoteje tèt yo, pou pèsonn pa ka “disrespect” yo.
Men diferans lan te toujou depann de edikasyon moun nan te resevwa lakay li. Gen jèn ki te ka gen menm anvi sa a, men yo pa t janm travèse liy lan, paske valè yo te pi solid. Gen lòt menm ki te ka kenbe zam an kachèt, men san entansyon pou fè mal, jis kòm yon refleks defans.
Kounya, pwoblèm nan vin pi grav lè leta antre nan jwèt la. Lè yon sistèm itilize feblès sikolojik ak sosyal jèn sa yo,mank edikasyon, mank opòtinite, bezwen pou respè,epi li kòmanse distribye zam bay moun ki pi vilnerab yo, li pa sèlman agrave sitiyasyon an, li transfòme jèn sa yo an zouti vyolans.
Se la nou dwe klè: rap pa sèl koz la. Men li te yon eleman enpòtan ki te prepare teren an nan lespri anpil jèn. Lè ou ajoute mank edikasyon ak manip...
Suggested Credits
Tags, Events, and Projects