facebook pixel
Wendyyy pa nan nivo li ye a pa aza Li monte ak estrateji. Sa l itilize a, se sa yo rele LA TRIADE SOMBRE (DARK TRIAD) 3 karaktè anpil gwo lidè mondyal devlope pou domine espas yo. MAKYAVELIS Wendyyy planifye e pran tan avan li aji. Li konprann sikoloji PÈP la, li jwe ak emosyon, li konnen ki lè pou l frape, ki lè pou l rete silans. Li pa kite santiman gide l Chak mouvman li fè,se pou kontwole naratif la ak kenbe pouvwa l sou endistri a, tankou yon jwè echèk k ap prevwa kou davans NASISISM Ego li solid, prezans li fe gwo enpak, konfyans li nan tèt li pa janm bese. Li vann tèt li kòm yon SENBÒL, pa sèlman kòm yon RAPÈ,men yon MAK. Li konprann ke nan epòk sa a, IMAJ = POUVWA, epi li metrize kijan pou enfliyanse moun, fè yo kwè, fè yo suiv,paske moun pa sèlman swiv mizik, yo swiv yon pèsonaj ki pi wo pase reyalite a,yon moun yo ta renmen YE. SIKOPATI Li gen yon detachman emosyonèl total,li pa nan pitye le se poul frape nenpot moun ki nan konpetisyon avè l,li aji pou l genyen,li pa la po...

 3

 1

    Suggested Credits
    Tags, Events, and Projects