🚨 JE POLTIK MONDYAL: ÈSKE EWÒP AP SÉDE POU GAZ RIS LA?
Pandan tansyon ap monte nan Mwayen Oryan e pri petwòl la depase $100 baril la, Vladimir Poutine fè yon anons ki sakaje mond lan yè:
Larisi prèt pou'l ouvri robinèt gaz ak petwòl li yo pou Ewòp ankò.
Men sa pou'n konprann nan 3 pwen:
1️⃣ Kout kat Poutine la: Larisi pwofite blocus nan kanal Ormuz la (ki bloke 20% petwòl mondyal la) pou l prezante tèt li kòm "sèl solisyon" pou sove ekonomi Ewòp.
2️⃣ Kondisyon yo: Poutine mande pou Ewòp sispann sèvi ak sanksyon kont li e pou yo siyen kontra sou plizyè lane. Li vle biznis ak politik mache separe.
3️⃣ Dilem Ewòp la: Ewòp divize. Si yo aksepte, y ap sove ekonomi yo, men y ap lage Ikrèn nan wout. Si yo refize, pri lavi a ap kontinye monte pi rèd.
Kesyon an se: Èske n panse peyi Ewopeyen yo ap sakrifye Ikrèn pou yo ka jwenn gaz ak petwòl pi bon mache? 🧐🤔
#Geopolitique #Energie #Russie #Europe #Ekonomi Ayiti