"Black" pa soti nan vid, li soti nan fatra sosyal nou te kiltive depi 20 lane. Li se rezilta dirèk yon anviwònman kote nou te chwazi nòmalize voksalite anba pretès "libète" ak "modènite".
Nou te kreye mache sa a,yon kote nou pwomote ipèseksyalizasyon, kote jenn fi konprann ke kò yo se sèl paspò pou yo jwenn atansyon, epi kote jenn gason aprann konsome fanm tankou senp objè.
Nou te detwi lide ke kò fi sakre, nou te fè l tounen yon zouti pou fè klik, view, ak validation.
Lè nou te chwazi touye moralite epi pini tout moun ki oze jije sa k mal, nou te louvri baryè pou sa n ap viv jodi a. "Black" pa koz la, li se sentòm lan.
Li se imaj ki reflete tout sa nou te aplodi, ankouraje, epi tolere.
Pran pòz nou sezi se ipokrizi. E sa nap gade la se kòmansman rekòt.
Nou te plante ekspozisyon, n ap rekòlte depravasyon.
#Haiti #blacktiktok #blackhaiti #social #facebookayisyen