Kesyon an se : èske n ap mezire grandè Fantom sou baz yon pwogram gratis li te fè Okap ki te ranpli ?
Si se konsa, swa nou pa konprann sosyete nou an vrèman, swa se paske gen moun ki kontante yo repete sa yo tande san yo pa pran tan pou yo analize l.
An Ayiti , kèlkeswa zòn nan , depi ou FÈ STANN epi ou anonse yon pwogram gratis, espesyalman nan yon vil ki deja gen abitid rasanble, li nòmal pou plas la ranpli. Menm lapli pa ka kraze yon moman konsa lè gen anbyans ak vibe.
Se poutèt sa, itilize yon pwogram gratis pou pwouve grandè yon atis pa vrèman solid kòm agiman. Sa plis fè reflechi sou fason nou konn analize reyalite yo, paske tout moun pa toujou pran pozisyon pou yo reflechi,gen moun ki pito repete sa ki pi fasil la.
Fantom merite plis pase sa kòm evalyasyon. Vrè mezi grandè yon atis, se lè li nan yon kontèks peye :
lè moun planifye davans,
lè yo mete lòt bagay sou kote,
lè yo sakrifye ti pwojè pèsonèl yo
pou peye yon tikè epi deplase pou vin wè li.
Se nan nivo sa a nou ka vrèman ...
Suggested Credits
Tags, Events, and Projects