Wendy pa sèlman yon atis,li se yon senbòl siksè,konsistans,lonjevite malgre boykotaj,li se idantite tout fanatik li yo,yo we yo nan Wendy. Alò le w Kritike li,oswa travay li,yo pa we sa kom yon senp opinyon men kom yo atak,yon menas pou kraze li.
Sa vinn kreye yon mekanis defans ki fe yo toujou vle pwoteje atis la tout kote yon fason pou yo menm yo sove fyete yo kom fanatik
Nan Rap Kreyol,pifò rapè gen klan yo e majorite divize,e jan nou konen Wendy gen klan ki pi solid la deyel ki rele tet yo chinwa
Pou lame sa nenpot kritik se yon siy mizantwopi oswa tantativ pou krache sou siksè atis la pou benefis yon lot klan
Mank kapasite pou fe deba teknik sou rezo yo fe anpil moun pa gen agiman,e anpil fwa se edikasyon,sa ki fe moun nan pi fasil tombe joure,di betiz yon fason pou li fe w pè e dekouraje w,betiz se repons tout moun ki san agiman.
Moun suiv kouran,lè yon fanatik we de twa ap joure,lap pi fasil antre nan mouvman an san li pa bezwen konen sak te pase,sa ki rele éfè gwoup,nou tou...
Suggested Credits
Tags, Events, and Projects