Pa tout moun ki pa sipòte ki rayi w.
Gen anpil moun nan antouraj ou ki ka fyè de sa w ap fè,men yo pa gen kilti ankourajman an.
Yo pa grandi nan yon anviwònman kote yo aprann:
. Pataje travay lòt moun
. Mete limyè sou moun pa yo
. Ede yon moun monte san jalouzi
Sa pa vle di yo kont ou.
Sa vle di yo limite.
Menm moun sa yo ka dispoze pran risk pou ou nan lavi reyèl,
yo ka kanpe avew pou proteje w nan malè
Men lè li rive pou sipò piblik,pataje sa wap fè kom konteni,oswa kek talan kew genyen.
Yo pa prezan,se pa rayisman,se mank vizyon.
Pataje zèv zanmi w,ankouraje,sipote.
#mindset #vision #mantalite