facebook pixel
Anpil moun ap fè tankou se kounye a Ayisyen kòmanse fè exploit. Sa pa vre. Ayisyen toujou ap fè gwo bagay depi lontan, men yo pa t janm jwenn menm limyè a. Se siksè Ariana a ki louvri je anpil moun, ki fè yo kòmanse pataje plis bagay sou Ayiti. Li vin kreye yon vag vizibilite. Men gen yon verite anpil moun pap dakò avè l: si Ariana pa t ale nan konkou sa, anpil moun pa t ap menm konnen kiyès Abigael ye jodi a. Sa k rive a, se yon reyaksyon sosyal. Gen moun ki pa valorize sa Ariana fè, yo gade l tankou yon bagay lejè. E pou yo balanse naratif la, yo mete Abigael an avan pou montre “sa ki serye”, tankou pou di: gade diferans lan, gade sa nou ta dwe ap pouse. Men si pa t gen bri Ariana a, Abigael te ka pase menm jan ak plizyè lòt Ayisyen ki deja genyen gwo konkou entènasyonal, san yo pa janm jwenn rekonesans yo merite. Pwoblèm nan pa moun yo. Se fason sosyete a chwazi sa li vle valorize… epi kilè li deside fè l. #ariana #Toureal

 2

    Suggested Credits
    Tags, Events, and Projects