facebook pixel
Siksè Ariana a pa baze sou ni vulgarite, ni sou imoralite pou l te "viral". Okontrè, li rive soti tèt li gras ak senplisite li ak yon imaj klè: yon jèn fi ki gen vizyon, ki gen rèv pou Ayiti, epi ki pote fyète nasyonal li byen wo. ​ ​Prensipal obstak ki fè anpil moun gen diskalifikasyon pou li, se paske li soti sou TikTok. Nan mantalite kiltirèl nou, TikTok souvan asosye ak "voksalite" oswa bagay lejè. Sa lakòz anpil moun gen prejije, kote yo panse depi se sou platfòm sa a yon moun fè non li, travay li pa gen valè serye. ​ ​Poutan, sa Ariana reyalize a se yon gwo kout fòs ke okenn lòt atis ayisyen pa t janm rive fè anvan sa: fè yon nasyon leve kanpe kòm yon sèl moun pou pouse l nan yon konpetisyon. Inifye yon pèp bò kote yon rèv konsa, se pa yon ti koze,se prèv ke li gen yon enpak ki depase rezo sosyal yo. #ariana #arianahaiti #arianahouseofchallenge #Toureal

 1

    Suggested Credits
    Tags, Events, and Projects