Jèn yo pa konnen ki moun yo ye, ni ki direksyon pou yo pran.
Poukisa sa rive?
Sosyete a pa bay modèl solid ankò
Media (TikTok, rapè,chantè,enfliyansè) ap vann yon lavi fasil, lajan rapid, fanm, aparans
Pa gen ase lidè, pwofesyonèl, oswa moun serye ki vizib pou jèn yo imite.
Lekòl pa anseye kijan pou viv, li sèlman bay teyori.
⚠️ Konsekans dirèk:
Jèn yo kouri dèyè fè lajan rapid anpil fwa bagay ki ilegal
Yo bay plis valè a aparans ke konpetans
Yo pa gen pasyans pou bati lavi yo (tout bagay dwe fet vit)
Yo fasil manipile (politik, gang, relasyon toksik)
Yo pèdi disiplin ak respè pou efò.
🎯 Reyalite a
Pwoblèm nan pa sèlman sistèm nan
👉 Jèn yo menm ap chwazi move modèl tou.
Yo admire:
Moun ki fè hit, pa moun ki gen valè.
Moun ki rich rapid, pa moun ki bati bagay solid
Moun ki popilè, pa moun ki itil.
Tout sa yo kreye yon kriz idantite ak move modèl.
#sosyete
#carel
#hairi
#Toureal