facebook pixel
PREMYE EKSPERYANS MWEN AK YON ESTIL KONSA!😳 Sa rive w deja nan domèn ou se premye fwa w pra l fè fas ak yon nouvo estil, yon nouvo touch, yon nouvo pwojè de sa w abitye manyen? eh byen se egzateman sa ki rive m ak pwojè sa, kote se premye fwa mwen te anvi touche yon nouvo estil, aprè yon semèn konsa kliyan an te fin pale m de pwojè a e nou konkli tout bagay, tout sa k t ap pase nan tèt mwen se yon nouvo estil, yon tip ekriti ki eksite Nostali, e ki reflete kilti lakay, e mwen pat vle itilize tipografi lòt grafis itilize deja e m te vle soti de koulè de baz nou ki se ble e wouj men plonje nan kilti a Eh byen mwen te rantre nan yon Brand Storming ki pwofon, paske m te vle soti nan estil mwen abitye pwodwi e fè yon lòt bagay, aprè plizyè tan ap sketch mwen vin soti sou sa, e sensèman lè m fin voye l bay kliyan an, li voye yon emoji kote l sezi, mwen tout sa m panse se m voye vant mwen, epi mwen te reponn li pou m di l si l pa ok ou mèt di m pou m travay sou lòt, paske ak kliyan m yo ...

 53

 9

    Suggested Credits
    Tags, Events, and Projects