Plis sosyete a banalize bouzenaj, se plis estrikti fanmi an kraze. Sa ogmante fanmi monoparantal, fè anpil gason wè fanm kòm senp objè seksyèl, epi diminye nivo respè ant 2 sèks yo.
Anpil fwa, yon fanm pa jis chwazi antre nan lavi sa san rezon. Dèyè sa, gen souvan blesi pwofon,abi seksyèl, trayizon, manipilasyon, move relasyon, mank afeksyon, pwoblèm ekonomik, oswa yon gwo pèt estim pwòp tèt li. Gen fanm ki fini pa kwè yo pa gen lòt valè pase kò yo oubyen seksyalite yo.
E konsekans yo pa rete sèlman sou moun nan. Sa gen enpak sou sosyete a tou: plis risk pou pa gen foyer stab, plis timoun grandi san prezans papa, plis pwoblèm emosyonèl, plis difikilte ekonomik, plis jenerasyon kap grandi san bon modèl familyal.
Sa pa vle di nou dwe rayi oswa meprize moun sa yo. Okontrè, anpil ladan yo bezwen èd, gerizon, ak direksyon. Men sa pa vle di sosyete a dwe fè kòm si konsekans yo pa egziste.
#Toureal #fanmayisyèn #sosyete #Haiti #gaellebienaime gaellebienaime