facebook pixel
Majorite ap chèche yon gason ki gen matirite, eksperyans, disiplin ak leadership. Paske emosyon yo souvan enfliyanse desizyon yo, yo santi yo pi an sekirite ak yon gason ki kapab di yo: “Non, pa fè sa,sa pap bon pou ou.” Menm lè sa kreye fristrasyon oswa caprice sou moman an, se souvan gason ki rete fèm nan prensip li yo fanm nan vin respekte, admire, epi soumèt ak li. Paske li wè nan li yon moun ki kapab pwoteje l, gide l, epi panse pou byennèt li. Anpil gason fè erè paske yo panse fanm chèche menm kalite egalite emosyonèl ak mantal ak yo nan relasyon. Men anpil fanm, ak nati hypergamie yo, gen tandans chèche yon gason yo konsidere kòm siperyè ak yo nan plizyè aspè, disiplin, direksyon, fòs mantal, kapasite pou pran desizyon. Yon gason ki jis kite fanm nan fè tout sa li vle, san limit, san direksyon, souvan pa jwenn menm nivo respè oswa admirasyon an. Paske fanm pa sèlman bezwen lanmou,men yo bezwen direksyon, sekirite ak estabilite emosyonèl tou. #Toureal #fanm #gason #Respè

 4

    Suggested Credits
    Tags, Events, and Projects