Anpil moun di mond lan chanje. Men petèt se pa mond lan sèlman,se fason nou konsome emosyon ki chanje.
Lontan, yon trajedi te touche moun. Jodi a, li konn tounen kontni.
Yon moun tonbe, anpil moun pran telefòn avan yo lonje men.
Yon moun echwe, entènèt la pi pare pou fè blag pase pou konprann.
Rezo sosyo yo kreye yon sistèm kote negatif la vwayaje pi vit pase pozitif la.
Paske kolè, dram, imilyasyon ak echèk kenbe atansyon moun pi lontan.
Alò, algoritm yo pouse sa plis.
E piti piti, anpil moun vin abitye ak doulè lòt moun tankou se yon seri Netflix yap gade.
Sa ki pi danjere a, se pa sèlman ensansibilite a.
Se lefèt ke anpil moun kòmanse atann mal la kòm rezilta nòmal.
Lè yon moun ap eseye fè byen, gen moun ki deja ap tann echèk li.
Lè yon relasyon kòmanse, anpil deja ap tann trayizon.
Lè yon pwojè fèt, anpil deja ap tann li kraze.
Sa kreye yon sosyete ki manje sou sinis, dout ak negativite.
E lè tout moun ekspoze ak menm kalite kontni chak jou, anpil fini pa panse menm jan san yo pa r...
Suggested Credits
Tags, Events, and Projects