Mete lojik ou devan, mete emosyon sou kote pou w konprann mesaj sa.
Majorite gason pa mechan jan sosyete a souvan prezante yo. Mond kote nou ap viv jodi a, kote anpil moun santi yo an sekirite, kote sosyete a ka fonksyone, se rezilta sakrifis anpil gason ki te kanpe devan danje, travay di, pwoteje, konstwi, defann epi pran responsabilite.
Naratif ki toujou ap fè fanm wè gason tankou ènmi oswa tankou “satan” dwe kraze.
Paske verite a senp: majorite gason pa rayi fanm. Majorite gason renmen fanm, pwoteje fanm, epi vle viv an pè ak fanm.
#Toureal growthwithsefopodcast
#gaellebienaime #sosyete #fanm #gason