facebook pixel
1000 la konn egzajere pafwa, men li pap janm ka 395 la non plis. Lè yon kote gen anpil demand, anpil moun ap antre soti, business yo fè plis kliyan ak plis wotasyon chak jou. Sa pèmèt yo kenbe pri yo pi ba paske volim nan konpanse pwofi a. Men lè demand lan ba, moun pa deplase anpil, aktivite ekonomik lan ralanti, epi kliyan yo ra, business la oblije monte pri yo pou l ka siviv malgre li pèdi anpil kliyan. E m poko menm rive nan kestyon ensekirite a ki se baz pwoblèm nan: mwens moun vle deplase, plis risk, plis depans, mwens aktivite ekonomik, mwens kliyan. Se pa toujou “vòlè” sèlman. Anpil fwa, se reyalite ekonomik yon zòn ki fè pri yo vin pi wo. bilolokongo #Toureal #Ekonomi #insekirite #reyalite #Ayiti

 1

    Suggested Credits
    Tags, Events, and Projects