facebook pixel
Pifò Dizaynè pase èdtan ap chèche bon font. Pase èdtan ap chwazi koulè, ap ajiste layout. Men lè li rive pou ikon yo...yo pran premye sa yo jwenn. Epi yo mande tèt yo poukisa Dizay yo parèt AMATÈ. Verite a se: yon bon DIZAY se yon koleksyon de yon pakèt ti detay. E souvan, se detay pèsonn pa remake yo ki fè pi gwo diferans lan. Yon move ikon ka fè yon DIZAY parèt AMATÈ. Yon bon ikon ka fè menm DIZAY sa pwòp, modèn, e pi pwofesyonèl. Se poutèt sa mwen rasanble kèk nan pi bon sit pou jwenn ikon kalite, kit ou se yon DIZAYNÈ debitan oswa yon DIZAYNÈ ki deja gen eksperyans. Paske pafwa, yon bon ikon ka fè yon pakèt diferans Dim, Ki sit ou konn itilize pou w jwenn ikon yo? #graphicdesign #tips #haitian #lucasdesignht

 38

 4

    Suggested Credits
    Tags, Events, and Projects