facebook pixel
Anpil moun ap plenyen pou kandida yo ki itilize Ai pou fè kanpay yo, se pa ti pale anpil. Men kite m di ke pwoblèm nan pa chita sèlman sou kesyon itilize AI la, paske mwen antanke Grafis mwen itilize AI pou m travay pi rapid, men vrèman pwoblèm nan rantre nan Branding, paske yon kandida ki itilize Ai san li pa pase pa yon vrè pwofesyonèl, li pa genyen okenn idantite vizyèl, e nan Branding se youn nan faktè kle ki la pou pèmèt moun fè nenpòt Mak la konfyans, Menm nan vi kouran nou, yo rekonèt nou pa idantite nou, e lè w pa gen idantite ou ekspoze a zero respè e zero konfyans. Se la tout bagay chita. Kounyea èske m ka di yon kandida ki itilize Ai ekspoze a zero konfyans, e zero respè? Yon kote wi e yon lòt kote non, wi si l itilize l li menm san li pa pase pa yon vrè pwofesyonèl, paske majorite Grafis ki chwazi grandi avèk tan an itilize AI pou yon rezon ou yon lòt e non si l pase pa yon Grafis e Grafis sa konnen Kijan pou l itilize AI byen. Bref…. Dizay sa yo se jis yon similasyon, ima...

 133

 21

    Suggested Credits
    Tags, Events, and Projects